Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Estè 9:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Konsa, Jwif yo te frape tout lènmi yo avèk nepe, te touye e detwi. Yo te fè sa yo te pito a sila ki te rayi yo.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Jwif yo tonbe sou tout lènmi yo ak kout nepe. Yo touye yo, yo masakre yo. Yo fè sa yo vle ak moun ki pat vle wè yo.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Jwif yo te kraze tout lènmi l yo jan k te fè yo plezi. Yo te atake yo ak nepe epi touye yo. Yo te fè sa lide yo di yo ak moun ki te rayi yo.

Gade chapit la



Estè 9:5
11 Referans Kwoze  

Pou sa, fis pa yo te antre pou posede peyi a. Epi Ou te fè moun peyi a Canaan yo soumèt devan Ou. Konsa, Ou te livre yo nan men yo, avèk wa yo ak pèp peyi a, pou fè avèk yo sa yo te pito.


Lèt yo te voye pa mesaje wa yo nan tout pwovens a wa yo pou detwi, pou touye e anile tout Jwif yo, ni jèn, ni granmoun, fanm avèk timoun, nan yon sèl jou, nan trèzyèm jou a douzyèm mwa a, ki se mwa Adar a, e pou sezi tout byen pa yo kon piyaj.


Nan lèt sa yo, wa a te bay dwa a Jwif yo nan chak vil, pou rasanble e fè defans lavi yo, pou detwi, pou touye e pou anile tout lame a nenpòt pèp oswa pwovens ki ta vin atake yo, menm ansanm avèk pitit yo ak fanm yo, e piyaje byen yo,


Nan sitadèl Suse la, Jwif yo te touye e detwi senk-san òm.


Moun dwat la va fleri tankou palmis. Li va grandi tankou pye sèd nan Liban.


Pou sa, livre pitit yo a gwo grangou e livre yo anba pouvwa nepe a. Kite madanm pa yo rete san pitit e vèv. Kite mesye yo tou vin frape a lanmò; e jennonm yo vin frape ak nepe nan batay la.


Paske se byen jis pou Bondye rann afliksyon a sila ki aflije nou yo,