Estè 9:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Menm tout chèf pwovens yo, reprezantan a wa yo, gouvènè yo e sila ki t ap fè afè a wa yo te asiste Jwif yo akoz laperèz a Mardochée te vin tonbe sou yo. 1998 Haïtienne Sa ki pi rèd, tout gouvènè yo, tout prefè yo ak tout anplwaye leta yo nan tout pwovens yo te pran pou jwif yo, paske yo te pè Madoche anpil. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Chèf pwovens yo, chèf rejyonal yo, gouvènè yo ak tout ofisye wa te ede Jwif yo paske yo te pè Madoche. |