Epi wa a te di li: “Se kisa ki twouble ou, rèn Esther? Epi se kisa ke w ap mande? Menm jis mwatye wayòm mwen, li va bay a ou menm.”
Estè 9:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Wa a te di a rèn Esther: “Jwif yo te fin touye e detwi senk-san moun avèk fis a Haman yo nan sitadèl Suse la. Alò, konsa se kisa ke yo gen tan fè nan lòt pwovens a wa yo!” Koulye a, se ki petisyon ou? Menm li menm va bay a ou menm. Epi kisa ou mande anplis? Li menm tou va fèt. 1998 Haïtienne Wa a di larenn Estè konsa: — Nan lavil Souz ase, jwif yo touye senksan (500) moun. Nan moun sa yo te gen dis pitit gason Aman yo. Nou pa bezwen mande sa yo fè nan pwovens yo. Kisa ou vle kounyeya? M'ap ba ou li. Di m kisa ou vle m fè, m'ap fè l. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Wa a di rèn Estè: “Nan zòn kote palè lavil Souz la ye a, Jwif yo touye 500 gason, menm 10 pitit Aman yo mouri tou. Mwen ka sèlman devine sa yo fè nan lòt pwovens yo tou! Èske gen lòt bagay ou vle toujou? Sèlman di m li epi ou deja jwenn li. Ou mèt mande m sèlman epi m ap fè tout sa ou vle.” |
Epi wa a te di li: “Se kisa ki twouble ou, rèn Esther? Epi se kisa ke w ap mande? Menm jis mwatye wayòm mwen, li va bay a ou menm.”
Pandan yo t ap bwè diven nan bankè a, wa a te di a Esther: “Se ki petisyon ke ou ap fè a, paske li va bay a ou menm. Kisa menm ou ap mande a? Menm jis mwatye wayòm nan, li va fèt.”
Konsa, wa a te di a Esther ankò nan dezyèm jou a pandan yo t ap bwè diven pa yo nan bankè a, “Se ki petisyon ou an, rèn Esther? Li va bay a ou menm. Se kisa ke w ap mande a? Menm jis rive mwatye wayòm nan, li va fèt.”
Nan menm jou sa a, fòs kantite a sila ki te touye nan sitadèl Suse la te rapòte a wa a.
Jwif ki te nan Suse yo te rasanble, anplis, nan katòzyèm jou nan mwa Adar a e te touye twa-san moun nan Suse, men yo pa t mete men yo sou piyaj la.
Kòmandan an te pran l pa lamen, e te rale l akote pou mande l an prive: “Kisa ou gen kòm rapò pou ban mwen an?”