Paske kijan mwen kapab monte vè papa m si jènjan an pa avè m?—paske mwen pè pou m ta wè malè ki vin pran papa m.”
Estè 8:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Paske, kijan mwen kab sipòte wè gwo dezas ki va rive pèp mwen an, e kijan mwen kab sipòte wè destriksyon a fanmi mwen yo?” 1998 Haïtienne Mwen p'ap ka rete konsa pou m wè malè sa a ap tonbe sou moun pèp mwen yo, pou m wè y'ap touye tout fanmi m yo. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Mwen p ap ka pote chaj sa pou m wè y ap touye pwòp fanmi m.” |
Paske kijan mwen kapab monte vè papa m si jènjan an pa avè m?—paske mwen pè pou m ta wè malè ki vin pran papa m.”
Mwen te di a wa a: “Kite wa a viv jis pou tout tan. Poukisa figi mwen pa ta dwe tris lè vil la, plas a tonm papa zansèt mwen yo, dezole nèt e pòtay li yo fin brile ak dife?”
Paske nou te fin vann mwen menm avèk pèp mwen an, pou nou fin detwi, pou touye e anile nèt. Alò, si se te sèlman ke nou te vann kon esklav, gason kon fanm, mwen ta rete an silans, paske twoub la pa t ap merite ke m ta twouble wa a.”
Alò, nan douzyèm mwa a (sa vle di mwa Adar a), sou trèzyèm jou a, lè lòd a wa a avèk dekrè li a te prèt pou acheve, nan jou lè lènmi a Jwif yo te gen espwa vin mèt sou yo a, li te vin vire tèt anba jiskaske Jwif yo menm te vin domine sou sila ki te rayi yo.
Nanm mwen, nanm mwen! Mwen nan gwo soufrans! O kè mwen! Kè m ap bat anndan m. Mwen p ap ka rete an silans, pwiske ou te tande, O nanm mwen, son de twonpèt la, alam lagè a.
O ke tèt mwen te dlo, e ke zye m yo te yon fontèn dlo, pou m ta ka kriye lajounen kon lannwit pou lanmò a fi a pèp mwen an!