Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Estè 8:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Pou Jwif yo, te gen limyè, kè kontan, lajwa avèk lonè.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Pou jwif yo menm, se te yon gwo soulajman. Yo te kontan, yo t'ap fè fèt, se te yon bèl bagay pou yo.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Jou sa a se te yon gwo fèt delivrans ak onè pou Jwif yo.

Gade chapit la



Estè 8:16
14 Referans Kwoze  

“Ale rasanble tout Jwif ki rete Suse yo e fè jèn pou mwen. Pa manje ni bwè pandan twa jou, ni lannwit, ni lajounen. Mwen avèk sèvant mwen yo va fè jèn nan menm jan an. Epi se konsa, mwen va antre kote wa a, ki pa selon lalwa; epi si mwen peri, mwen peri.”


Sa te fèt nan trèzyèm jou nan mwa Adar e nan katòzyèm jou a, yo te repoze e te fè li yon jou gwo fèt avèk rejwisans.


Limyè vin leve nan tenèb pou moun ladwati a; Li plen gras ak mizerikòd, ak jistis.


SENYÈ a se Bondye, e Li te bannou limyè. Mare sakrifis la ak kòd sou kòn lotèl yo.


Paske SENYÈ a va lime lanp mwen. Se Bondye mwen an ki klere tenèb mwen.


Konsa, pou kè m kab chante lwanj Ou, e pa rete an silans. O SENYÈ, Bondye mwen an, mwen va bay Ou glwa pou tout tan, nèt.


Se limyè ki simen kon semans pou moun ladwati yo, ak kè kontan pou sila ak kè ki dwat yo.


Lè sa ale byen ak moun dwat yo, vil la fè rejwisans; e lè mechan yo peri, gen gwo kri lajwa.


Lè moun ladwati a gen viktwa, gen anpil glwa; men lè mechan yo leve tout moun kache kò yo.


Rachte a SENYÈ yo va retounen. Ya vini ak gwo kri lajwa lantre nan Sion; lajwa ki p ap janm fini ap sou tèt yo. Yo va twouve kè kontan ak lajwa; tristès ak soupi va sove ale.