Lè jou doulè pou li yo te fin pase, Joseph te pale a lakay Farawon, e te di: “Si koulye a mwen jwenn favè nan zye nou, souple, pale avèk Farawon, e di:
Estè 4:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Li te rive jis nan pòtay a wa a, paske nanpwen pèsòn ki te abiye an twal sak ki ta kab antre sou pòtay a kay wa a. 1998 Haïtienne Li rive devan pòtay palè a. Li pa antre, paske moun pa gendwa antre anndan kay wa a ak rad sak sou yo. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Men, li te rive sèlman devan pòtay palè a, paske yo pa t pèmèt li antre nan baryè a ak rad dèy sou li. |
Lè jou doulè pou li yo te fin pase, Joseph te pale a lakay Farawon, e te di: “Si koulye a mwen jwenn favè nan zye nou, souple, pale avèk Farawon, e di:
Lè Mardochée te vin aprann tout sa ki te fèt yo, li te chire rad li. Li te mete twal sak avèk sann sou li, te ale deyò nan mitan lavil la, e te kriye byen fò anlè avèk amètim.
Nan chak pwovens kote lòd la avèk dekrè a wa a te rive, te gen gwo doulè pami Jwif yo, avèk fè jèn, gwo kriye avèk lamantasyon. Epi anpil te kouche sou twal sak avèk sann.
Men kisa nou te ale pou wè? Yon nonm abiye an twal swa? Gade byen, sila ki abiye byen bèl e ki viv nan richès yo se nan palè wayal yo ye.