Estè 3:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen
Lèt yo te voye pa mesaje wa yo nan tout pwovens a wa yo pou detwi, pou touye e anile tout Jwif yo, ni jèn, ni granmoun, fanm avèk timoun, nan yon sèl jou, nan trèzyèm jou a douzyèm mwa a, ki se mwa Adar a, e pou sezi tout byen pa yo kon piyaj.
Gade chapit la
Yo voye mesaje kouri pote piblikasyon an nan tout peyi ki anba kòmandman wa a. Piblikasyon an te bay lòd pou lè trèzyèm jou mwa Ada a va rive, yon sèl jou a pou yo te touye tout jwif yo, granmoun kou jennmoun, fanm kou timoun. Se pou yo te masakre yo san pitye, lèfini pou yo te piye tout byen yo.
Gade chapit la
Mesaje yo pote dekrè a nan tout tèritwa ki anba lòd wa Asyeris. Lèt sa yo deklare pou yo touye tout Jwif, granmoun kou timoun, fi kou gason, san manke youn. Lòd sa dwe egzekite yon sèl jou, trèzyèm jou nan mwa Ada ki se douzyèm mwa nan ane a. Dekrè sa a te di pou yo piye tout sa Jwif yo te posede tou.
Gade chapit la