Chak jou, Mardochée te mache ale retou devan lakou fanm a wa yo pou vin aprann jan Esther te ye ak jan afè l t ap mache.
Estè 2:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Esther pa t fè pèsòn konnen ras pèp li a ni fanmi li yo, paske Mardochée te enstwi li pou li pa ta dwe fè sa rekonèt. 1998 Haïtienne Estè pat kite pèsonn konnen moun ki peyi ak ki ras li te ye, paske Madoche te ba li lòd pou l pat di anyen sou sa. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Madoche te pase Estè lòd pou l pa di pèsonn si l se Jwif. Li pa di pèsonn anyen sou fanmy li a. |
Chak jou, Mardochée te mache ale retou devan lakou fanm a wa yo pou vin aprann jan Esther te ye ak jan afè l t ap mache.
Esther potko fè yo konnen fanmi li yo, ni pèp li a, jis jan ke Mardochée te bay li lòd fè a, jis jan li te fè lè se te li ki t ap swaye li a.
Li t ap elve Hadassa, sa vle di, Esther, fi a tonton li an, paske li pa t gen papa ni manman. Alò, jenn demwazèl la te byen bèl sou fòm ni figi li e lè papa li avèk manman li te mouri, Mardochée te pran li kon pwòp fi pa li.
Epi Haman te di a Wa Assuérus: “Genyen yon sèten pèp ki gaye toupatou pami pèp la nan tout pwovens nan wayòm ou an; lwa pa yo pa menm ak tout lòt pèp nan pwovens a wayòm ou an. Yo menm, yo pa swiv lwa a wa a, e konsa, li pa nan enterè a wa a pou kite yo rete la.
Paske nou te fin vann mwen menm avèk pèp mwen an, pou nou fin detwi, pou touye e anile nèt. Alò, si se te sèlman ke nou te vann kon esklav, gason kon fanm, mwen ta rete an silans, paske twoub la pa t ap merite ke m ta twouble wa a.”
Veye byen, Mwen voye nou tankou mouton nan mitan lou. Konsa, se pou nou saj kon sèpan, men inosan kon toutrèl.
Konsa, li te desann kote glasi vannen an pou te fè selon tout sa ke bèlmè li te kòmande li yo.