Alò, Thathnaï, gouvènè pwovens lòtbò rivyè a, Schethar-Boznaï, avèk kolèg parèy a yo te konfòme avèk dilijans a lòd sa a jan Wa Darius te voye bay li a.
Esdras 8:36 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Yo te livre dekrè a wa a chèf pwovens yo, e a majistra lòtbò rivyè Jourdain an. Konsa, yo te bay soutyen a pèp la avèk lakay Bondye a. 1998 Haïtienne Yo pran tout dokiman lanperè a te ba yo, yo renmèt yo bay prefè lanperè a ak gouvènè yo ki reskonsab pwovens lòt bò larivyè Lefrat la. Se konsa, tout chèf sa yo vin ede pèp la. Yo ba yo konkou yo pou Tanp Bondye a. |
Alò, Thathnaï, gouvènè pwovens lòtbò rivyè a, Schethar-Boznaï, avèk kolèg parèy a yo te konfòme avèk dilijans a lòd sa a jan Wa Darius te voye bay li a.
Anplis mwen te di wa a: “Si sa fè wa a plezi, kite lèt bay a mwen pou gouvènè nan pwovens yo lòtbò rivyè a, pou yo kapab kite mwen pase ladann yo jiskaske mwen rive Juda;
Konsa, grefye a wa yo te rele nan trèzyèm jou nan premye mwa a, e li te ekri jan ke Haman te kòmande a reprezantan a wa a nan tout pwovens yo, a gouvènè ki te sou chak pwovens yo e a chèf a chak pèp, chak pwovens selon ekriti pa li, chak pèp selon langaj pa li, tout sa ekri nan non Wa Assuérus e sele avèk bag so a wa a.
Menm tout chèf pwovens yo, reprezantan a wa yo, gouvènè yo e sila ki t ap fè afè a wa yo te asiste Jwif yo akoz laperèz a Mardochée te vin tonbe sou yo.
Lè Apollos te vle travèse a Achaïe, frè yo te ankouraje li, e te ekri a disip yo pou ankouraje li. Lè l te rive, li te anpil èd pou sila ki te kwè pa gras yo.
Men tè a te ede fanm nan. Tè a te louvri bouch li e te bwè tout larivyè dlo ke dragon an te vide soti nan bouch li a.