Anplis, yo te kraze pilye sakre a Baal la, yo te kraze kay Baal la e te fè l tounen yon latrin jis rive jodi a.
Esdras 6:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Epi mwen te pibliye yon lòd ke nenpòt moun ki vyole dekrè sa a, yon travès bwa va rache sou pwòp kay li, li va leve wo, e atache sou li. E lakay li va devni yon gwo pil fatra. 1998 Haïtienne Men yon lòd mwen bay ankò: si yon moun refize fè anyen nan sa m mande la a, y'a rache yon poto bwa nan kay li, y'a fè yon pwent li, y'a pèse moun lan pak an pak ak li. Pou kay li a menm, y'a fè l tounen yon pil fatra, poutèt sa li fè a. |
Anplis, yo te kraze pilye sakre a Baal la, yo te kraze kay Baal la e te fè l tounen yon latrin jis rive jodi a.
epi kadav Jézabel va tankou fimye bèt sou sifas chan nan teren Jizréel la, jiskaske yo pa ka di: “Sa se Jézabel.”’”
Nenpòt moun ki refize obsève lalwa Bondye ou a, avèk lalwa a wa a, kite jijman vin tonbe sou li avèk severite, swa pou lanmò, swa mete l deyò nan peyi a, swa sezi byen li, oswa ba li prizon.”
Esther te di: “Si sa fè wa a plezi, ke wa a avèk Haman kapab vini nan menm jou sa a nan yon bankè ke m gen tan prepare pou li.”
Konsa, yo te pann Haman sou wo etaj ke li te prepare pou Mardochée a e kòlè a wa a te vin bese.
Wa a te reponn a Kaldeyen yo: “Lòd mwen an fin etabli: si nou pa fè m konnen rèv la ak entèpretasyon li a, nou va vin chire mòso an mòso, e lakay nou va vin yon pil ranblè.
Konsa, mwen fè yon dekrè ke nenpòt pèp, nasyon, oswa lang ki pale yon bagay kont Bondye a Schadrac, Méschac, ak Abed-Nego a, li va chire mòso an mòso, e lakay pa li va redwi a yon pil ranblè, paske nanpwen lòt dye ki kapab delivre konsa.”