Esdras 2:36 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Prèt yo; fis a Jedaeja lakay Josué yo: nèf-san-swasann-trèz. 1998 Haïtienne Men lis prèt ki te tounen, dapre non fanmi yo: Nan pitit Jedaja, ki sòti nan branch Jozye a, nèfsanswasanntrèz (973) moun. |
Pami fis a prèt ki te marye ak fanm etranje yo, yo te twouve fis a Josué yo, fis a Jotsadak la e frè li yo: Maaséja, Éliézer, Jarib, avèk Guedalia.
Konsa, Josué avèk fis li yo ak frè li yo te kanpe ansanm avèk Kadmiel ak fis pa li yo, fis a Juda yo, fis a Hénadad yo avèk fis pa yo ak frè yo, Levit yo, pou sipèvize ouvriye nan tanp Bondye a.
Alò, tout lòt moun nan pèp la, prèt yo, Levit yo, gadyen pòtay yo, chantè yo, sèvitè tanp yo ak tout sila ki te separe yo menm soti nan pèp peyi yo pou lalwa Bondye pa yo, madanm pa yo, fis yo ak fi yo, tout sila ki te gen konesans avèk bon konprann yo,