“Poukisa Toupwisan an pa mete tan nan rezèv? E poukisa sila ki konnen Li yo pa wè jou Li yo?
Egzòd 9:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen SENYÈ a te etabli yon tan detèmine, e Li te di: “Demen SENYÈ a va fè bagay sa a nan peyi a.” 1998 Haïtienne Senyè a fikse jou pou l fè bagay sa a. Li di se denmen l'ap fè sa nan tout peyi a. |
“Poukisa Toupwisan an pa mete tan nan rezèv? E poukisa sila ki konnen Li yo pa wè jou Li yo?
“‘Oswa, si ou refize kite pèp Mwen an ale, gade byen, demen Mwen va mennen krikèt nan teritwa pa w la.
Mwen va mete yon divizyon antre pèp Mwen an ak pèp pa w la. Demen sign sa a va parèt.”
“‘Gade byen, vè lè sa a demen, Mwen va voye lagrèl byen gwo, tankou yo pa janm wè an Égypte depi lè li te fonde, jiska prezan.
Men SENYÈ a va distenge antre bèt Israël yo avèk bèt Ejipsyen yo, pou okenn pa mouri nan sa ki pou fis Israël yo.’”
Alò, SENYÈ a te fè bagay sa a nan jou ki te vini an, e tout bèt Égypte yo te mouri; men pou bèt fis Israël yo, pa gen youn ki te mouri.
Li te pale avèk Koré ak tout konpanyen li yo. Li te di: “Demen maten, SENYÈ a va montre kilès ki apatyen ak Li e kilès ki sen, epi Li va fè moun sa a vin touprè Li. Menm sila ke Li chwazi a, Li va mennen li toupre Li menm.