Egzòd 8:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen “Paske si ou pa kite pèp Mwen an ale, gade byen, Mwen va voye desann gwo mouch sou sèvitè ou yo, sou pèp ou a, ak anndan lakay ou yo. Kay Ejipsyen yo va vin ranpli avèk desant mouch, ak sou tè kote yo ap viv la. 1998 Haïtienne Si ou pa kite pèp mwen an ale, mwen pral voye mouchavè sou ou, sou moun pa ou yo, sou tout pèp ou a ak nan tout kay yo. Mouchavè pral plen kay moun peyi Lejip yo, yo pral kouvri tout peyi a. |
Konsa, kay nou yo va vin ranpli, kay a tout sèvitè nou yo, e kay a tout Ejipsyen yo, yon bagay ke ni papa nou yo, ni papa a papa nou yo pa t janm wè, depi jou ke yo te vini sou tè a, jiska jodi a.’” Konsa, li te vire kite Farawon.
Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Leve granmmaten, e prezante ou devan Farawon, pandan l ap sòti nan dlo a, e di li: ‘Se konsa ke SENYÈ a pale: Kite pèp Mwen an ale, pou yo kapab sèvi Mwen.’”
“Nan jou sa a, Mwen va mete apa peyi Gosen, kote pèp Mwen an ap viv la, pou desant mouch yo pa rive la, pou ou ka konnen ke Mwen, SENYÈ a sou latè a.
Alò SENYÈ a te fè sa. Te vini gran desant gwo mouch nan kay Farawon an ak kay sèvitè pa li yo, e peyi a te vin devaste akoz desant gwo mouch yo nan tout peyi Égypte la.
Nan jou sa a, SENYÈ a va soufle mouch ki nan kote pi lwen nan rivyè Égypte yo ak foul myèl ki rete Assyrie yo.