SENYÈ a fin sèmante. Li p ap chanje panse L: “Ou se yon prèt jis pou tout tan selon lòd Melchisédek.”
Egzòd 40:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Konsa, ou va onksyone yo jis jan ke ou te onksyone papa yo, pou yo kapab vin sèvi kòm prèt pou Mwen. Onksyon pa yo va kalifye yo kòm prèt pou tout tan atravè tout jenerasyon pa yo.” 1998 Haïtienne W'a vide lwil sou yo menm jan ou te vide lwil sou papa yo pou yo ka sèvi mwen prèt. Seremoni sa a va konsakre yo pou yo ka toujou sèvi mwen prèt, jenerasyon an jenerasyon. |
SENYÈ a fin sèmante. Li p ap chanje panse L: “Ou se yon prèt jis pou tout tan selon lòd Melchisédek.”
“‘Alò, jou sa a va vin yon jou pa janm bliye pou nou, e nou va selebre li kòm yon fèt a SENYÈ a. Pami tout jenerasyon yo nou gen pou fete li kòm yon règleman k ap la pou tout tan.’”
Ou va mete yo sou Aaron, frè ou a, sou fis li yo avèk li, epi ou va vide lwil sou yo pou fè òdonasyon yo e konsakre yo, pou yo kab sèvi Mwen kòm prèt.
Ou va mete sentiwon pou yo, ni Aaron ni fis li yo, e ou va mare chapo yo sou tèt yo. Yo va genyen pozisyon prèt la, kòm yon lòd k ap pou tout tan san fen.
Ou va pale avèk fis Israël yo. Ou va di: “Sa va yon lwil ki sen a Mwen pandan tout jenerasyon nou yo.
Nenpòt moun ki mele nenpòt bagay parèy ak li, oswa nenpòt moun ki mete okenn nan li sou yon moun ki pa prèt, li va koupe retire pami moun li yo.”
Li va pou li avèk desandan apre li yo, yon akò pozisyon prèt pou tout tan, akoz ke li te jalou pou Bondye li a, e li te fè ekspiyasyon pou fis Israël yo.’”
San papa, san manman, san listwa zansèt, ki pa t gen ni kòmansman nan jou li yo, ni lafen nan lavi li, men fèt tankou Fis a Bondye a, li rete yon prèt pou tout tan.