Egzòd 40:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Ou va mennen fis li yo pou mete tinik sou yo. 1998 Haïtienne W'a fè pitit gason l yo pwoche tou. W'a mete chemiz sou yo. |
Ou va mete vètman sen yo sou Aaron. Ou va onksyone Aaron, e konsakre li, pou li kapab vin sèvi kòm prèt Mwen.
Konsa, ou va onksyone yo jis jan ke ou te onksyone papa yo, pou yo kapab vin sèvi kòm prèt pou Mwen. Onksyon pa yo va kalifye yo kòm prèt pou tout tan atravè tout jenerasyon pa yo.”
Mwen va rejwi anpil nan SENYÈ a; nanm mwen va rejwi anpil nan Bondyè mwen an, paske Li te abiye mwen ak vètman sali yo. Li te vlope m nan yon manto ladwati, tankou yon jennonm fenk marye dekore kò l ak yon kouwòn; e tankou yon jenn fi maryaj abiye kò l ak bijou.
Apre sa, Moïse te fè fis Aaron yo pwoche. Li te abiye yo avèk tinik yo, mare senti yo avèk sentiwon an twal yo e mare kas yo sou yo, jan SENYÈ a te kòmande Moïse la.
Epi sila ke Li te chwazi oparavan yo, Li te anplis rele yo, e sila Li te rele yo, Li te jistifye yo, e sila Li te jistifye yo, anplis, Li te glorifye yo.
Men selon sa ke Li menm te fè a, nou nan Jésus Kri. Se Li ki te devni pou nou sajès ki soti nan Bondye, ansanm ak jistis, sanktifikasyon, ak redanmsyon.
Bondye fidèl, selon Sila nou te rele nan amitye fratènèl avèk Fis Li a, Jésus Kri, Senyè nou an.