Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Egzòd 39:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Bann ki te sou li a, ki te tise byen fen, te fèt menm jan tankou li avèk menm materyo yo: an lò avèk ble, mov, e wouj, avèk twal fen blan byen tòde, jis jan ke Bondye te kòmande Moïse la.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Bèl sentiwon byen bwode ki mache ak jile a te fè yon sèl pyès ak li, ak menm kalite bodri a. Yo te fè l an lò avèk twal siperyè koulè ble, vyolèt ak wouj, ansanm ak twal fen blan tise byen sere, dapre lòd Senyè a te bay Moyiz.

Gade chapit la



Egzòd 39:5
10 Referans Kwoze  

Twal nan koulè ble, mov, ak wouj, avèk twal fen blan, pwal kabrit,


Bann tise ki fèt avèk yon bòdi byen prepare sou li a, va menm jan ak kalite travay a li menm nan, avèk menm twal la: an lò, ble, mov, e wouj, avèk twal fen blan byen tòde a.


Ou va pran vètman yo. Ou va mete sou Aaron tinik lan avèk manto efòd la, efòd avèk pyès lestomak la, e ou va mare senti li avèk bann trese byen fen ki sou efòd la.


Yo te fè pyès zepòl yo pou atache nan efòd la; li te tache nan de pwent anwo li yo.


Yo te fè pyè oniks yo, plase nan monti desine byen fen yo; yo te grave tankou gravi a yon so, selon non a fis Israël yo.


Anplis, ladwati va sentiwon an ki antoure ren Li e fidelite va sentiwon ki pase nan senti Li a.


Li te mete yon tinik sou li, mare senti li avèk yon sentiwon an twal, abiye li avèk yon manto, mete efòd la sou li; epi li te tache ban atistik efòd la e mare l sou li.


Enstwi yo pou swiv tout sa ke Mwen te kòmande nou yo, epi konsa, Mwen va avèk nou toujou jiska lafen de laj.”


Paske mwen te resevwa soti nan Senyè a sa ke m te livre bannou an, ke Senyè a Jésus, nan nwit ke Li te trayi a, te pran pen an.


Nan mitan chandelye yo, mwen te wè yon moun tankou yon fis a lòm, abiye nan yon wòb ki rive jis nan pye, e mare lestonmak li ak yon sentiwon an lò.