Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Egzòd 39:29 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

epi sentiwon avèk twal fen blan an ak materyo ble, mov, e wouj, travay a yon tiseran, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Yo pran twal fen blan tise byen sere ak bon twal siperyè koulè ble, vyolèt ak wouj, yo fè sentiwon bwode byen bèl la, jan Senyè a te bay Moyiz lòd fè l la.

Gade chapit la



Egzòd 39:29
6 Referans Kwoze  

Twal nan koulè ble, mov, ak wouj, avèk twal fen blan, pwal kabrit,


“Ou va fè yon rido pou pòtay tant lan avèk twal ble, mov, e wouj, ak twal fen blan byen tòde, zèv a yon mèt tiseran.


“Pou pòtay galeri a va gen yon rido ven koude, avèk twal ble, mov, e wouj avèk twal fen blan, byen tòde, lèv a yon mèt tiseran, avèk kat pilye pa yo, ak kat baz reseptikal pa yo.


Ou va trese yon tinik avèk modèl kare avèk twal fen blan, ou va fè yon tiban avèk twal fen blan, e ou va fè yon sentiwon bwode, èv a yon bòs tiseran.


epi tiban avèk len fen an ak chapo an twal fen blan yo, e pantalon an twal fen blan byen tòde yo,


Yo te fè plak pou kouwòn sen an avèk lò pi, e yo te enskri nan li tankou gravè a yon so: “Sen a SENYÈ a”.