Egzòd 39:20 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Anplis, yo te fè de wondèl lò yo e yo te plase yo nan pati anba pyès zepòl yo nan efòd la, pa devan li, toupre plas ke li te jwenn nan, anlè bann tise nan efòd la. 1998 Haïtienne Yo fè de lòt bag an lò ankò, yo tache yo anba de zepòlèt jile a, sou devan, toupre kouti a anwo sentiwon jile a. |
Bann tise ki fèt avèk yon bòdi byen prepare sou li a, va menm jan ak kalite travay a li menm nan, avèk menm twal la: an lò, ble, mov, e wouj, avèk twal fen blan byen tòde a.
Yo te fè de wondèl yo an lò e yo te plase yo nan de pwent nan pyès lestomak la sou kote pa anndan ki toupre efòd la.
Yo te mare pyès lestomak la avèk wondèl li yo ak wondèl ki te pou efòd la avèk kòd ble, pou li te sou bann tise a nan efòd la, e pou pyès lestomak la pa t vin lage nan efòd la, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.