Egzòd 39:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen epi nan katriyèm ranje a, yon krizolit, yon oniks, avèk yon jasp. Yo te plase yo nan monti lò byen fen lè yo te monte. 1998 Haïtienne Nan katriyèm ranje a, yo mete yon pyè krizolit, yon pyè oniks ak yon pyè jasp. Yo te moute chak pyè sou yon moso lò. |
Alò, avèk tout kapasite mwen, mwen te fè pwovizyon pou lakay Bondye mwen a; lò, pou bagay fèt an lò yo, ajan pou bagay fèt an ajan yo, bwonz pou bagay fèt an bwonz yo, fè pou bagay fèt an fè yo, bwa pou bagay fèt an bwa yo, pyè oniks pou bagay fèt an pyè oniks yo, pyè byen prezante, pyè briyan avèk anpil koulè ak tout kalite pyè presye avèk mab blan an gran kantite.
Ak travay a yon mèt grave sou bijou, tankou fèt pou yon so, ou va grave sou pyè yo selon non a fis Israël yo. Ou va monte monti fèt an lò yo.
Pyè presye yo te koresponn ak non a fis Israël yo. Yo te douz, e yo te koresponn a non yo, grave avèk gravi a yon so, yo chak avèk non yo pou douz tribi yo.
Men li se wondèl fèt an lò, anbeli ak bijou beril. Kò li se ivwa taye ki kouvri ak pyè safi.
Wou yo te sanble, jan yo te fèt la, tankou yon wòch krizolit briyan. E toule kat te gen menm fòm. Nan aparans la, jan yo fè l la, yo te fèt konsi yon wou te anndan yon lòt wou.
senkyèm nan, oniks, sizyèm nan, sadwàn, setyèm nan, krizolit, uityèm nan, beril, nevyèm nan, topaz, dizyèm nan, krizopraz, onzyèm nan, tikwaz, douzyèm nan, ametis.