Egzòd 38:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Rido pòtay la te èv a tiseran an, avèk materyo ble, mov, wouj, ak twal fen blan byen tòde. Epi longè a se te ven koude e wotè a te senk koude, ki te koresponn ak afè pandye nan galeri yo. 1998 Haïtienne Rido ki te fèmen kote yo antre nan tant lan te bwode byen bèl sou tout kò l. Li te fèt ak bon twal siperyè koulè ble, vyolèt ak wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere. Li te gen dis mèt longè, de mèt edmi wotè, tankou rido galeri a. |
“Anplis de sa, ou va fè tabènak la avèk dis rido an twal len fen ki tòde avèk twal ble, mov, ak wouj, ak cheriben yo. Yo gen pou fèt pa yon mèt ouvriye ak gwo kapasite.
“Ou va fè yon rido pou pòtay tant lan avèk twal ble, mov, e wouj, ak twal fen blan byen tòde, zèv a yon mèt tiseran.
Baz reseptikal pou pilye ki te an bwonz yo, kwòk pou pilye yo ak bann seraj an ajan yo; epi yon kouch lò ki te kouvri pwent tèt yo. Tout pilye galeri yo te founi avèk bann seraj an ajan yo.