Egzòd 33:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Alò, Mwen va retire men M, e ou va wè do Mwen, men figi M p ap vizib.” 1998 Haïtienne Apre sa, m'a wete men m sou ou. Se do m ase w'a wè k aprale, men ou p'ap wè figi m. |
Gade byen, sa se yon ti kras bagay de tout chemen L yo. Epi a la ti kras souf pawòl nou konn tande de Li! Men tonnè pwisans Li an! Se kilès ki kab konprann li?
Paske koulye a nou wè twoub, konsi nan yon glas, men answit nou va wè fasafas. Koulye a m konnen yon ti pati, men answit, mwen va konnen tout bagay menm jan ke Bondye konnen tout bagay de mwen an.
Sila sèl ki posede imòtalite a e ki rete nan limyè ke nou pa kapab menm apwoche a; Sila ke pèsòn pa janm wè oubyen pa kab wè a. A Li menm, lonè ak tout pouvwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.