Epi David t ap danse devan SENYÈ a avèk tout fòs li e David te abiye avèk yon efòd fèt ak len.
Egzòd 32:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Li te vin rive ke depi Moïse te pwoche kan an, li te wè jèn towo a ak tout dans yo. Konsa, kòlè te briye nan Moïse. Li te jete tablèt ki te nan men li yo atè, e li te kraze yo nan baz mòn nan. 1998 Haïtienne Lè Moyiz rive toupre kan an, li wè estati ti towo bèf la ak moun yo ki t'ap danse. Moyiz fè yon sèl kòlè, li voye wòch plat ki te nan men l yo jete. Yo tonbe, y'al kraze an miyèt moso anba pye mòn lan. |
Epi David t ap danse devan SENYÈ a avèk tout fòs li e David te abiye avèk yon efòd fèt ak len.
Marie, pwofetès ak sè Aaron an te pran tanbouren an nan men l. Tout fanm yo te sòti dèyè li avèk tanbouren yo. Yo t ap danse.
Men Moïse te priye SENYÈ a Bondye li a, e te di: “O SENYÈ poukisa kòlè ou briye kont pèp Ou a, ke Ou te fè sòti nan peyi Égypte la avèk gran pouvwa e avèk yon men pwisan an?
Men li te di yo: “Se pa son a yon kri viktwa, ni se pa son ke y ap pèdi batay; men se son chante ke m tande.”
Konsa, SENYÈ a te di a Moïse: “Taye pou kont ou de tablèt an wòch tankou sa nou te genyen yo. Mwen va ekri sou tablèt yo pawòl ki te sou lòt ke ou te kraze yo.
pa tankou akò ke M te fè ak papa yo a nan jou ke M te pran yo pa lamen pou mennen yo sòti nan peyi Égypte la; akò Mwen ke yo te kraze a, malgre Mwen te yon mari pou yo a,” deklare SENYÈ a.
Epi mwen te koupe an mòso dezyèm baton ki rele Tèt Ansanm nan, pou kraze fratènite ki te egziste antre Juda ak Israël la.
Men Mwen di nou ke nenpòt moun ki fache avèk frè li, ap koupab devan tribinal. Epi nenpòt moun ki di: ‘Raka’ (pou ryen) ap koupab devan tribinal pi wo a, epi sila ki di: ‘enbesil’ ap koupab pou l antre nan lanfè.
Men lè Jésus te wè sa, Li te mekontan e te di yo: “Kite timoun yo vini kote Mwen; pa anpeche yo, paske wayòm Bondye a se pou sila ki tankou sa yo.
Lè L fin gade toupatou, byen fache, byen blese akoz kè di yo, Li te di a nonm nan: “Lonje men ou”. Li te lonje l, e men li te geri.
Pa vin moun idolat tankou kèk nan yo te ye a, paske sa ekri: “Pèp la te chita pou manje ak bwè, e te kanpe pou jwe.”
Mwen va ekri sou tab yo pawòl ki te nan premye tab ke ou te kraze yo, e ou va mete yo nan lach la.’
‘Modi se sila ki pa konfime pawòl a lwa sa yo avèk aksyon li’. Epi tout pèp la va di: ‘Amen.’”