Ou va fonde kat gwo wondèl pou li, e tache yo nan kat pye li yo, epi de wondèl va yon kote, e de wondèl yon lòt kote.
Egzòd 30:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Ou va fè de wondèl an lò pou li anba bòdi li. Ou va fè yo sou de fas kote, ki opoze yo, e yo va soutyen pou poto ki sèvi pou pote li yo. 1998 Haïtienne W'a fè de bag an lò, w'a tache yo anba bòdi a sou de bò lotèl la. Se nan bag sa yo w'a pase manch ki pou sèvi pou pote lotèl la. |
Ou va fonde kat gwo wondèl pou li, e tache yo nan kat pye li yo, epi de wondèl va yon kote, e de wondèl yon lòt kote.
Ou va kouvri planch yo avèk lò e fè wondèl yo avèk lò tankou soutyen pou travès yo. Epi ou va kouvri poto yo avèk lò.
Ou va fè pou li yon griyaj, yon èv trese an bronz. Epi nan très yo ou va fè kat wondèl an bwonz nan kat kwen li yo.
Poto yo va fonse antre nan wondèl yo, pou poto yo kab rive sou de kote lotèl la lè li pote.
Ou va kouvri li avèk yon kouch fen an lò; tèt li e akote li, toupatou ansanm avèk kòn li yo; epi ou va fè yon bòdi lò pou antoure li nèt.