Egzòd 26:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Va genyen de bout pou chak planch, ki jwenn youn ak lòt. Konsa ou va fè pou tout planch tabènak yo. 1998 Haïtienne Yo chak va gen de bout depase ki va penmèt yo kole yonn ak lòt. |
Ou va fè karant baz reseptikal an ajan anba ven planch yo, de baz reseptikal anba yon planch pou de bout li yo, e de baz reseptikal anba yon lòt planch pou de bout li yo.
Te gen de tenon pou chak planch, yo te jwenn youn ak lòt. Se te konsa li te fè pou tout planch yo nan tabènak la.
Epi li te fè karant baz reseptikal an ajan anba ven planch yo: de baz reseptikal anba yon planch pou de tenon pa li, e de baz reseptikal anba yon lòt planch pou de tenon pa li.