Epi selon pèp peyi la ki konn vini avèk machandiz avèk manje pou vann nan Saba a, nou p ap achte nan men yo nan Saba a ni nan okenn jou sen. Anplis, nou va lese rekòlt yo nan setyèm ane a, ansanm avèk koleksyon a tout dèt.
Egzòd 23:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen men nan setyèm ane a ou va kite li san fè anyen pou l kab pran repo. Konsa, malere pami pèp nou an kapab manje, epi nenpòt sa yo menm ta kite, ap rete pou bèt chan yo. Ou ap fè menm bagay la avèk chan rezen e avèk chan oliv ou yo. 1998 Haïtienne Men, sou setyèm lanne a, n'a kite tè a poze. Menm si li bay kichòy, nou p'ap ranmase anyen sou li. N'a kite rekòt la pou pòv malere yo. Rès la va rete pou bèt nan bwa manje. N'a fè menm bagay la tou pou jaden rezen ak jaden oliv nou yo. |
Epi selon pèp peyi la ki konn vini avèk machandiz avèk manje pou vann nan Saba a, nou p ap achte nan men yo nan Saba a ni nan okenn jou sen. Anplis, nou va lese rekòlt yo nan setyèm ane a, ansanm avèk koleksyon a tout dèt.
Ankò, nou plase pwòp tèt nou anba obligasyon pou fè kontribisyon yon tyè sik chak ane pou sèvis lakay Bondye nou an:
Pandan sis jou ou va fè travay ou, men nan setyèm jou a, ou va sispann fè travay pou bèf ou avèk bourik ou kapab repoze, ansanm avèk fis esklav femèl ou a, ak etranje ou a tou, kapab repoze.
“Men si nou ta di: ‘Kisa n ap manje nan setyèm ane a si nou pa ni plante ni rekòlte rekòlt nou yo? Gade byen, nou pa p semen, ni rasanble pwodwi nou;’
Lè nou ap plante nan uityèm ane a, nou kapab toujou manje ansyen bagay a rekòlt yo, e nou va kontinye manje vye a jis rive nan nevyèm ane a lè rekòlt pa li kòmanse antre a.
Vrèman, ou pa t mennen nou nan yon peyi ki koule avèk lèt ak siwo myèl, ni ou pa t bannou yon eritaj tèren, avèk chan rezen. Èske ou ta pete zye a mesye sa yo? Nou p ap monte?
“Paske malere yo p ap janm sispann la nan peyi a. Akoz sa, mwen kòmande nou, e di: ‘Nou va louvri men nou byen laj a frè malere nou yo avèk pòv nan peyi nou yo.’