Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Egzòd 21:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Si ou achte yon esklav Ebre, li va sèvi pou sizane, men nan setyèm ane a li va sòti tankou yon moun lib san peye frè.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Lè ou achte yon moun menm ras avè ou pou sèvi ou esklav, li gen pou l sèvi ou sizan. Lè setyèm lanne a rive, l'a lib. L'a gendwa al fè wout li san l pa gen anyen pou l peye ou.

Gade chapit la



Egzòd 21:2
18 Referans Kwoze  

Koulye a, ke Bondye kapab ba ou lawouze syèl la, ak grès tè a, anpil sereyal chan avèk diven nèf.


Li te di: “Èske se pa t yon verite yo te nonmen li Jacob, paske li te pran plas mwen de fwa sa yo? Li te pran dwa nesans mwen an, e gade, koulye a li pran benediksyon mwen.” Epi li te di: “Èske ou pa t rezève yon benediksyon pou mwen?”


Alò, yon sèten fanm pami madanm fis a pwofèt yo te kriye kont Élisée: “Sèvitè ou a, mari mwen an mouri e ou konnen ke sèvitè ou te gen lakrent SENYÈ a. Konsa, mesye ki vèse prè kòb la, gen tan parèt pou pran de pitit mwen yo kòm esklav li.”


Mwen te di yo: “Nou menm, selon kapasite nou, te rachte Jwif frè parèy nou yo ki te vann a lòt nasyon yo; alò koulye a, èske nou ta menm vann frè nou yo pou yo ta kab vin vann a nou menm?” Yo te rete an silans e pa t kab twouve yon pawòl pou pale.


men esklav a chak moun, achte avèk lajan, lè nou fin sikonsi li, alò, li kapab manje nan li.


Si li antre li sèl li, li va sòti sèl. Si se mari a yon madanm, alò, madanm nan va sòti avè l.


Si yon mesye vann fi li kòm yon esklav femèl, li pa pou lage tankou yo kòn fè ak esklav mal yo.


Men si solèy la gen tan leve sou li, va genyen koupabilite san sou li. Li va anverite peye dedonmajman an. Si li pa posede anyen, alò, y ap vann li pou vòl sa a.


“Menm si li pa peye ranson an pa mwayen sila yo, li va toujou sòti nan ane jibile a, li menm avèk fis li yo avè l.


Men akoz ke li pa t gen mwayen pou peye, mèt li te kòmande ke yo ta vann mesyè a, ni madanm li ak Pitit li yo ak tout sa li te posede, pou ranbousman an ta kapab fèt.


Paske nou te achte a yon pri; Konsa, bay glwa a Bondye avèk kò nou.


“Nan fen chak sèt ane, nou va bay yon remisyon pou dèt yo.


Li p ap sanble li difisil pou nou lè nou lage li, paske li te bannou sis ane nan doub sèvis yon anplwaye. Konsa, SENYÈ a, Bondye nou an, va beni nou nan nenpòt sa nou fè.


Moïse te kòmande yo e te di: “Nan fen chak sèt ane, nan sezon ane remisyon dèt nan Fèt Tonèl Yo,