Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Egzòd 2:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Men lè li pa t kab kache li ankò, li te pran yon panyen wozo, e li te kouvri li avèk goudwon ak gòm rezen. Konsa, li te mete pitit la ladann, e te plase li pami wozo yo akote lariviyè Nil lan.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Men, li pat kapab kache l pi lontan pase sa. Se konsa, li pran yon panyen jon, li badijonnen l byen badijonnen ak goudwon ansanm ak gonm bwapen. Li mete ti pitit la ladan l. Lèfini, li mete panyen an ak tout pitit la ladan l nan mitan yon touf wozo, sou bò gwo larivyè a.

Gade chapit la



Egzòd 2:3
10 Referans Kwoze  

Yo te di youn ak lòt: “Vini, annou fè brik e brile yo byen brile.” Epi yo te sèvi ak brik pou wòch, e yo te sèvi ak azfòt kòm mòtye.


Alò, vale Siddim nan te ranpli avèk fon azfòt yo, epi wa Sodome avèk Gomorrhe yo te sove ale, e kèk tonbe la. Men sila ki te chape yo te sove ale, rive nan tèt mòn yo.


Fè pou kont ou yon lach avèk bwa gofè. Ou va fè l avèk chanm, e kouvri li anndan kon deyò avèk kòl rezin.


Alò Farawon te kòmande tout pèp li a e te di: “Chak fis ki ne, nou va jete l nan lariviyè Nil lan, e chak fi nou va kenbe l vivan.”


Nou voye reprezantan yo bò lanmè a, menm sou veso fèt ak fèy papiris ki kouri sou sifas dlo. Ale, mesaje rapid yo, vè yon nasyon wo e swa, vè yon pèp ke tout moun pè, ni sa ki pre ni sa ki lwen, vè yon nasyon pwisan ki oprime tout moun, peyi ke rivyè yo divize a!


Kanal yo va lage yon movèz odè. Rivyè Égypte yo va vin sèch e san dlo. Wozo ak zèb dlo yo va rete pouri.


Peyi deseche a va vin tounen yon letan, e tè swaf kòn sous k ap pete dlo. Nan landwa chen mawon yo, nan kote yo poze a , va gen zèb ak wozo ak jon.


Lè yo fin pati, lapoula yon zanj Bondye te vin parèt a Joseph nan yon rèv. Li te di l: “Leve pran Pitit la avèk manman L epi kouri ale an Égypte. Rete la jiskaske mwen di ou, paske Hérode ap chèche Zanfan sila a pou l ka detwi L.”


Lè Hérode te vin wè ke li te twonpe pa mesye saj yo, li te vin anraje. Konsa, li te voye touye tout ti gason mwens ke de zan nan tout anviwon Bethléem nan, selon tan li te vin konprann pa mesye saj yo.


Se te li menm ki te sèvi gwo koken pou pran avantaj sou ras nou an, e maltrete zansèt nou pou yo ta kab fè zanfan pa nou yo pa t kab viv.