SENYÈ a te parèt a Abram. Li te di: “A desandan ou yo, Mwen va bay peyi sila a.” Alò, li te bati yon lotèl nan plas kote SENYÈ a te parèt a li a.
Egzòd 17:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Moïse te bati yon lotèl e te nonmen li: “SENYÈ a Se Drapo mwen.” 1998 Haïtienne Moyiz bati yon lotèl, li rele l: Senyè a se drapo m. |
SENYÈ a te parèt a Abram. Li te di: “A desandan ou yo, Mwen va bay peyi sila a.” Alò, li te bati yon lotèl nan plas kote SENYÈ a te parèt a li a.
Alò, li te kontinye depi la nan mòn nan, nan lès Béthel. Li te monte tant li, avèk Béthel nan lwès, ak Aï nan lès. La li te bati yon lotèl a SENYÈ a, e li te rele non a SENYÈ a.
Abraham te rele non plas sa a Jehova-Jiré, Bondye Va Fè Pwovizyon. Jis jounen jodi a, yo kon di, “Nan mòn SENYÈ a, va gen pwovizyon.”
Ou te bay yon drapo pou sila ki gen lakrent Ou yo, pou fè l byen parèt akoz verite a. Tan
Moïse te ekri tout pawòl SENYÈ a yo. Konsa, li te leve granmmaten e li te bati yon lotèl nan pye mòn nan avèk douz pilye pou douz tribi Israël yo.
“Ou va fè lotèl la avèk bwa akasya, senk koude nan longè, e senk koude nan lajè. Lotèl la va fèt kare, e wotè li va twa koude.
Alò, lè Aaron te wè sa, li te bati yon lotèl devan li. Epi Aaron te fè yon pwoklamasyon e te di: “Demen va yon fèt pou SENYÈ a.”
Alò Gédéon te bati yon lotèl la pou SENYÈ a. Li te rele lotèl la “SENYÈ a se Lapè”. Jis rive jodi a, li toujou la nan Ophra a Abizerit yo.