Konsa, Ou te fè yo rekonèt Saba sen Ou an, epi te byen poze pou yo, kòmandman yo, règleman yo, avèk lalwa yo pa sèvitè Ou, Moïse.
Egzòd 16:29 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Gade, SENYÈ a te bannou Saba a. Pou sa, Li bannou pen pou de jou nan sizyèm jou a. Kite chak moun rete nan plas li. Pa kite pèsòn sòti nan plas li nan setyèm jou a.” 1998 Haïtienne Konprann sa byen, se mwen menm, Senyè a, ki te ban nou jou repo sa a. Se poutèt sa, sou sizyèm jou nan senmenn lan, mwen ban nou manje valè pou de jou. Nan setyèm jou senmenn lan, se pou tout moun rete kote yo ye a. Piga pèsonn mete tèt deyò. |
Konsa, Ou te fè yo rekonèt Saba sen Ou an, epi te byen poze pou yo, kòmandman yo, règleman yo, avèk lalwa yo pa sèvitè Ou, Moïse.
Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Pou konbyen de tan nou va refize kenbe kòmandman Mwen yo, ak enstriksyon Mwen yo?
“Men pou ou menm, pale a fis Israël yo. Di yo: ‘Nou va vrèman obsève Saba Mwen yo. Paske sa se yon sign antre Mwen ak nou pandan tout jenerasyon pa nou yo, pou nou kapab konnen ke Mwen se SENYÈ ki fè nou sen an.
Anplis, Mwen te bay yo Saba Mwen yo pou vin yon sign antre Mwen menm ak yo, pou yo ta ka konnen ke Mwen se SENYÈ ki sanktifye yo a.
alò, Mwen va tèlman regle benediksyon Mwen yo pou nou nan sizyèm ane a, pou li kab pote yon rekòlt twazan.
Answit yo te retounen pou prepare epis avèk pafen. Epi nan Saba a, yo te repoze selon Lalwa a.