Egzòd 16:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Men sa ke SENYÈ a kòmande: ‘Chak moun ranmase ladann selon sa ke li va manje. Nou va pran yon omè pou chak, selon kantite moun chak nan nou genyen nan tant li.’” 1998 Haïtienne Men lòd Senyè a ban nou: Se pou chak moun ranmase mezi yo bezwen pou kantite moun ki lakay yo. N'a ranmase twa ti mamit edmi pou chak moun. |
Lè yo te mezire li avèk yon omè, sa ki te pran anpil yo pa t gen twòp, ni sa ki te pran piti yo pa t manke. Chak moun te ranmase sa ke li te dwe manje.