Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Egzòd 10:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Alò, Moïse te lonje baton li sou peyi Égypte la, e SENYÈ a te dirije yon van lès sou latè pandan tout jounen an, ak tout nwit lan. Epi lè li te vin maten, van lès la te pote krikèt yo.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Moyiz lonje baton l lan sou peyi Lejip la. Senyè a fè yon van nòde soufle sou peyi a. Van an soufle tout yon jounen ak tout yon nwit. Nan maten, van an pote krikèt vèt yo vini.

Gade chapit la



Egzòd 10:13
11 Referans Kwoze  

Epi gade byen, sèt tèt, mèg ki brile pa van lès yo, te vin boujonnen dèyè yo.


Li te pale e krikèt volan yo te vini. Ak jenn krikèt san kontwòl.


Dife ak lagrèl, lanèj ak nwaj, van tanpèt ki akonpli pawòl Li yo.


Li te fè van lès la vante nan syèl yo e avèk pwisans Li, Li te dirije van sid la.


Li te bay chan rekòlt a chwalbwa a, ak pwodwi travay yo a krikèt la.


Alò Moïse te lonje men l sou lanmè a; epi SENYÈ a te bale lanmè a pa yon van lès byen fò tout lannwit. Li te fè lanmè a vin tounen tè sèch, e dlo a te vin fann.


Krikèt volan yo pa gen wa; men yo parèt byen alinye.


Men SENYÈ a te lanse yon gwo van sou lanmè a. Te gen yon gwo tanpèt sou lanmè a jiskaske bato a te prèt pou kraze nèt.


Lè solèy la te leve, Bondye te chwazi yon van lès byen cho, solèy la te bat tèt Jonas jiskaske li te vin fèb. Konsa, li t ap mande ak tout nanm li, e te di: “Lanmò pi bon ke lavi pou mwen.”


Moun yo te etone. Yo te di: “Ki kalite moun sa a ye, ke menm van avèk lanmè obeyi Li?”