Alò li te di yo: “Vrèman SENYÈ a avèk nou, si janmen ou wè mwen ta kite nou avèk pitit nou yo ale! Veye nou, paske se mechanste nou anvizaje nan tèt nou.
Alò, pou sa, pa kite Ézéchias pase nou nan tenten, ni egare nou konsa. Ni pa kwè li, paske pa t gen dye nan okenn nasyon oswa wayòm ki te konn delivre pèp li nan men m ni soti nan men a zansèt mwen yo. Konbyen an mwens Dye pa nou an va delivre nou soti nan men m?”
Moïse te di: “Nou va ale avèk jenn nou yo, ak granmoun nou yo. Avèk fis nou yo ak fi nou yo, avèk bann mouton nou yo, ak twoupo nou yo. Nou va ale, paske nou oblije fè yon fèt pou onore SENYÈ a.”
SENYÈ a t ap prale devan yo nan yon pilye nwaj pandan lajounen pou mennen yo nan chemen an, e nan yon pilye dife pandan lannwit pou bay yo limyè pou yo ta kapab vwayaje lajounen, kon lannwit.