Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Efezyen 4:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Men a nou chak, gras te vin bay selon mezi don a Kris la.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Nou chak nou resevwa yon kado apa, dapre sa Kris la te bay la,

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Kris la bay nou chak yon kado espesyal selon jan li te deside bay li.

Gade chapit la



Efezyen 4:7
13 Referans Kwoze  

A youn li te bay senk talan (yon gwo sòm dajan) a yon lòt de, e a yon lòt, youn, selon kapasite ke chak te genyen. Epi li te sòti pou fè vwayaj la.


Paske Li menm ke Bondye voye a, pale pawòl a Bondye. Paske Li bay Lespri a san mezi.


Paske selon gras ke mwen resevwa a, mwen di a chak moun pami nou pou pa panse pi wo de tèt li pase sa li ta dwe panse a; men panse avèk yon jijman rezonab, konsi, Bondye te bay chak moun yon mezi lafwa.


Epi nan travay ansanm avèk Li menm, nou osi ankouraje ou pou nou pa resevwa lagras Bondye a anven.


si vrèman nou te tande de jerans a gras Bondye ke mwen te resevwa pou livre bay nou an,


A mwen menm, pi piti pami tout sen yo, gras sa a te bay, pou preche a pèp etranje yo, tout richès ensondab a Kris yo.


Bondye, osi, te pote temwayaj a yo menm, pa sign, pa mèvèy, pa plizyè mirak e pa don Lespri Sen yo selon pwòp volonte pa Li.


Akoz chak moun gen tan resevwa yon don espesyal, anplwaye li nan sèvi youn lòt kòm bon jeran ak tout gras ke Bondye te bay la.