SENYÈ a fin sèmante. Li p ap chanje panse L: “Ou se yon prèt jis pou tout tan selon lòd Melchisédek.”
Ebre 7:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Paske li temwaye de Li: “Ou se yon prèt pou tout tan nan modèl a Melchisédek la.” 1998 Haïtienne Men sa ki ekri nan Liv la: Ou prèt pou tout tan menm jan ak Mèlkisedèk. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Men sa Bib la di sou li: “Ou se sakrifikatè pou tout tan menm jan ak Mèlkisedèk.” |
SENYÈ a fin sèmante. Li p ap chanje panse L: “Ou se yon prèt jis pou tout tan selon lòd Melchisédek.”
Menmjan Li di osi nan yon lòt pasaj: “Ou se yon prèt pou tou tan selon modèl Melchisédek la.”
kote Jésus te deja antre kòm youn ki kouri devan pou nou, e te devni yon wo prèt pou tout tan nan lòd Melchisédek la.
Alò, si pèfeksyon an te nan sistèm prèt Levitik yo (paske se sou baz sa a ke pèp la te resevwa Lalwa), ki bezwen anplis ki te gen pou yon lòt prèt leve nan modèl Melchisédek la, ki pa t dezigne selon modèl Aaron an?
paske vrèman prèt lalwa yo te vin prèt san sèman, men Li menm avèk yon sèman, atravè Sila ki te di Li a: “Senyè a gen tan sèmante e Li p ap chanje tèt Li; ‘Ou se yon prèt pou tout tan’.” Selon modèl a Melchisédek la.”