Fis a Juda yo: Er, Onan, Schéla, Pérets, ak Zarach. Men Er avèk Onan te mouri nan peyi Canaan. Fis a Pérets yo te Hetsron, avèk Hamul.
Ebre 7:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Paske li byen klè ke Senyè nou an te desann sòti nan Juda, yon tribi ki pa gen korespondans ak anyen Moïse te pale konsènan zafè prèt yo. 1998 Haïtienne Sa se bagay tout moun konnen, Jezi te fèt nan branch fanmi Jida. Moyiz pat janm bay non sa a lè li t'ap pale sou prèt yo. |
Fis a Juda yo: Er, Onan, Schéla, Pérets, ak Zarach. Men Er avèk Onan te mouri nan peyi Canaan. Fis a Pérets yo te Hetsron, avèk Hamul.
Baton gouvènans p ap janm sòti sou Juda, ni bwa règleman p ap janm antre pye li jis lè Schilo vini, e a li menm va parèt obeyisans a tout nasyon yo.
Yon boujon va vòltije soti nan chouk Jessé a e yon branch ki sòti nan rasin li, va bay anpil fwi.
Men ou menm, Bethléhem Éphrata, pi piti pami fanmi a Juda yo, nan ou va soti de Mwen Youn pou vin chèf an Israël. Lè pou L vin parèt la te etabli depi nan tan ansyen yo, jis rive nan jou etènite yo.
Mwen wè li, men pa koulye a. Mwen gade l, men pa toupre. Yon zetwal va sòti nan Jacob. Yon baton a wa va leve sòti an Israël. Li va kraze travèse fwon Moab la, e li va dechire tout fis a Seth yo.
“E ou menm, Bethléem, peyi Judée, ou pa manke valè pami chèf Judée yo: paske yon Gran Chèf k ap sòti nan ou menm, Li va vin yon bèje pou pèp Mwen an, Israël”.
Yo te di li: “Fanm poukisa w ap kriye?” Li te di yo, “Akoz yo te pran Senyè m nan, e mwen pa konnen kote yo mete L.”
Men èske ou sipoze sa o lòm; ke lè ou jije sila ki pratike bagay sa yo, epi ou menm ou fè menm bagay yo, ke ou va chape de jijman Bondye a?
Beni se Bondye, Papa Senyè nou an Jésus Kri, ki te beni nou avèk tout benediksyon Lespri a nan lye selès an Kris yo.
Anplis de sa, mwen konte tout bagay kòm pèt an konsiderasyon ak piwo valè ke m konnen Kris Jésus a, Senyè mwen an. Pou Sila mwen te soufri pèt tout bagay yo, e konte yo kòm fatra, pou m kapab genyen Kris.
Paske sou sila ke n ap pale la a, li se yon manm nan yon lòt tribi ki pa t gen okenn moun ki te fè sèvis devan lotèl la.
“Mwen, Jésus, te voye zanj Mwen an pou temwaye a ou menm bagay sa yo pou legliz yo. Mwen se rasin ak ras David la, zetwal briyan nan maten an.”
Epi youn nan ansyen yo te di m: “sispann kriye; gade byen, Lyon nan ki sòti nan tribi Juda a, Rasin a David la, te vin venkè. Li k ap ouvri liv la ak sèt so li yo.”