Abram te di a Wa Sodome nan: “Mwen te sèmante a Senyè Bondye Pi Wo a, Mèt sou syèl la avèk tè a,
Ebre 6:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Paske moun toujou sèmante pa yon moun ki pi gran pase yo, e nan nenpòt malantandi yon sèman ki fèt avèk yon akò fèmen tout diskisyon. 1998 Haïtienne Lè moun ap fè sèman, yo sèmante sou tèt sa ki pi chè pou yo a. Sèman an sèvi garanti pou met pwenfinal ak tout diskisyon. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Lèzòm toujou sèvi ak non yon moun ki pi gran pase yo pou yo fè yon pwomès avèk sèman. Sèman an sèvi kòm yon garanti epi li mete fen ak tout diskisyon. |
Abram te di a Wa Sodome nan: “Mwen te sèmante a Senyè Bondye Pi Wo a, Mèt sou syèl la avèk tè a,
Pou sa, fè sèman ban mwen menm isit la devan Bondye ke ou p ap twonpe ni mwen, ni pitit mwen yo, ni posterite mwen yo, men selon tout gras ke m te montre ou, ou va montre m tou, nan peyi kote ou te demere kon yon etranje a.”
Bondye Abraham nan ak Bondye Nachor a, Bondye a papa pa yo a, vin jij antre nou menm.” Konsa Jacob te sèmante pa krent a papa l, Isaac.
Pou sa, wa a te rele Gabawonit yo pou te pale yo. (Alò, Gabawonit yo pa t nan fis Israël yo men yo te nan retay Amoreyen yo e fis Israël yo te fè yon akò avèk yo. Men Saül te chache touye yo nan zèl li genyen pou fis a Juda yo avèk Israël yo.)
yon sèman devan SENYÈ a va fèt pa yo dèske li pa t mete men l sou byen a vwazen li. Konsa, mèt li va aksepte li, e li p ap oblije fè peye dedonmajman.
Frè m yo mwen pale nan tèm relasyon moun ak moun; menm si se sèlman yon akò moun, depi li fin etabli, nanpwen moun k ap mete l sou kote oubyen ajoute kondisyon ladann.
Paske lè Bondye te fè pwomès la a Abraham, akoz ke Li pa t kapab sèmante pa okenn pi gran, Li te sèmante pa pwòp tèt Li.