Ou va kite non nou kon yon malediksyon a moun chwazi pa Mwen yo, e Senyè BONDYE a va touye nou. Li va rele sèvitè Li yo pa yon lòt non.
Ebre 4:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Konsa, paske li rete pou kèk moun antre ladann, epi sila ki, avan, te gen bòn nouvèl la preche a yo menm yo, te echwe antre ladann akoz dezobeyisans yo, 1998 Haïtienne Moun ki te resevwa bòn nouvèl la an premye, yo pat antre kote sa a paske yo pat mete konfyans yo nan Bondye. Konsa, gen lòt toujou ki ka antre kote sa a pou yo ka poze kò yo ansanm ak Bondye. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Poutan, okazyon pou kèk moun antre nan repo Bondye a epi jwi li toujou egziste. Moun ki te tande Bòn Nouvèl la anvan pa t antre nan repo a, poutèt dezobeyisans yo. |
Ou va kite non nou kon yon malediksyon a moun chwazi pa Mwen yo, e Senyè BONDYE a va touye nou. Li va rele sèvitè Li yo pa yon lòt non.
Mwen va frape yo avèk gwo mizè. Mwen va dizerite yo. Mwen va fè ou menm vin fòme yon nasyon pi gwo e pi fò ke yo.”
Men pitit nou yo, ke nou te di ki ta devni yon objè lachas— Mwen va mennen yo antre ladann. Yo va konnen peyi ke nou menm te rejte a.
“Akoz sa Mwen di nou: Wayòm syèl la ap vin pran nan men nou pou plase bay yon nasyon k ap pwodwi fwi li.
“Konsa, Kite l byen konnen a nou menm, ke delivrans sila gen tan voye osi a pèp etranje yo. Yo menm va koute.”
Men mwen di sa, frè m yo, tan an ap vin kout. Depi koulye a, sila ki gen madanm yo ta dwe tankou yo pa t genyen;
Lekriti sen an, ki te prevwa ke Bondye ta jistifye pèp etranje yo pa lafwa, te preche levanjil la davans a Abraham. Konsa, li te di: “Tout nasyon yo va beni nan ou”.
Konsa, annou fè dilijans pou antre nan repo sila a, pou okenn moun pa tonbe, nan swiv menm egzanp dezobeyisans lan.
Paske vrèman, bòn nouvèl la te preche a nou menm, menm jan ak yo, men pawòl yo te tande a pa t fè avantaj pou yo, paske li pa t jwenn avèk lafwa nan sila ki te tande yo a.