Ebre 2:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen kòman nou va chape si nou neglije yon gran sali konsa? Aprè sa te fin pale pa Senyè a, li te vin konfìme pou nou pa sila ki te tande yo. 1998 Haïtienne Konsa tou, si nou menm nou meprize yon gwo delivrans tankou sa a, nanpwen chape pou nou. Premye moun ki te fè konnen delivrans sa a se Senyè a menm. Apre sa, moun ki te tande l yo, se yo ki te fè nou konnen jan delivrans sa a gen anpil valè. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Konsa, se yon bagay ki sèten, si nou neglije kalite delivrans Bondye ap ofri nou jodi a, n ap jwenn pinisyon pou sa tou. Delivrans sa a, se Senyè a menm ki te anonse l an premye. Epi moun ki te tande l yo bay prèv se yon mesaj ki chita sou verite a. |