Ebre 2:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen e ki ta kapab delivre tout sila ki akozperèz lanmò yo, te sijè a esklavaj pou tout lavi yo. 1998 Haïtienne Li delivre tout moun ki pase tout lavi yo esklav paske yo te pè lanmò. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Li tou libere tout moun ki te esklav dyab la pandan tout lavi yo, paske yo te pè lanmò. |
Li fin chire soti nan sekirite tant li an e yo pran l pou l parèt devan wa laperèz la.
Paske pou li maten se menm jan ak fènwa a byen pwès, tèlman li abitye ak gwo perèz nan fènwa pwès la.
Paske Ou te delivre nanm mwen soti nan lanmò. Ou te anpeche pye mwen glise tonbe, pou m ta kab mache devan Bondye nan limyè a moun vivan yo.
Men kijan yo va detwi nan yon enstan! Y ap bale nèt ale avèk gran perèz kap rive sibitman!
Ki moun ki kab viv e pa wè lanmò? Èske li kab delivre nanm li de pouvwa sejou lanmò a? Tan
Paske nou pa t resevwa yon Lespri esklavaj, pou fè nou retounen viv nan laperèz, men nou te resevwa yon Lespri adopsyon kon fis. Pa lespri sila nou rele “Abba! Papa a.
ke kreyasyon an li menm osi va libere soti nan esklavaj a koripsyon, pou l antre nan libète laglwa a fis Bondye yo.
ki te delivre nou soti de yon si gran danje lanmò, e Li va delivre nou. Se sou Li menm nou te mete tout espwa nou an. Epi Li va toujou delivre nou;