Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Ebre 11:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Men li te konsidere ke Bondye kapab leve moun menm soti nan lanmò. E vreman, li te osi resevwa li (Isaac) soti nan lanmò kòm yon modèl de sila ki t ap vini an.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Men, Abraram te mete nan tèt li Bondye te gen pouvwa pou l te fè Izarak leve vivan ankò sòti nan lanmò. Se konsa, nan yon sans, nou ka di Izarak sòti vivan nan lanmò, li tounen vin jwenn papa l ankò.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Li te kwè Bondye te ka resisite moun ki mouri. Nan yon sans, nan moman lè Bondye te anpeche Abraram touye Izaak la, se kòmsi se resisite Bondye te resisite l.

Gade chapit la



Ebre 11:19
10 Referans Kwoze  

Alò, Abraham te leve zye li pou te gade, e byen wè, yon belye ki te kenbe pa kòn li, nan yon rakbwa. Abraham te ale pran belye a, e li te ofri li kòm ofrann brile a nan plas a fis li a.


Epi Mwen di nou ke nan jou jijman an, moun ap rann kont pou chak ti mo ke yo pale anven.


Lè L te fin antre nan kay la, yo te vin kote L. Li te mande yo: “Èske nou kwè ke Mwen kapab fè sa?” Yo te reponn Li: “Wi, Senyè”.


Malgre sa, lanmò te renye soti nan Adam jiska Moïse, menm sou sila ki pa t fè peche yo sanblab ak ofans Adam an, ki se te yon pòtre a Sila ki te gen pou vini an.


Koulye a, a Li menm ki kapab fè bokou, bokou plis, de tout sa ke nou mande oubyen panse, selon pouvwa ki travay anndan nou an,


Paske Kris pa t antre nan yon lye sen ki te fèt avèk men, yon kopi senp de sa ki vrè a, men nan syèl la li menm; konsa, pou l parèt nan prezans a Bondye pou nou.


Tabènak sila a se yon imaj pou tan prezan sila a. Selon sa a ni kado ni sakrifis k ap ofri yo pa kapab fè adoratè a vin pafè nan konsyans li,