Konsa, li te bay nesans a yon fis e li te nonmen li Guerschom, paske li te di: “Mwen te yon vwayajè nan yon peyi etranje.”
Ebre 11:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Paske sila ki di bagay sa yo, fè l klè ke y ap chache yon peyi ki pou yo. 1998 Haïtienne Lè yo t'ap pale konsa, yo te tou fè moun wè yo t'ap chache yon peyi ki peyi pa yo. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Lè moun rekonèt yon bagay konsa, yo montre y ap tann yon peyi ki va rele yo chèmèt chèmètrès. |
Konsa, li te bay nesans a yon fis e li te nonmen li Guerschom, paske li te di: “Mwen te yon vwayajè nan yon peyi etranje.”
pandan nou p ap gade bagay ki vizib, men bagay ki pa vizib. Paske bagay vizib yo se pou yon ti moman, men bagay ki pa vizib yo se pou tout letènite.
Men mwen sanse presyon nan toulède direksyon yo. Mwen ta anvi ale, pou m kapab avèk Kris, paske sa pi bon anpil,
Tout sila yo te mouri nan lafwa san resevwa pwomès yo, men yo te wè yo e te rejwi de yo a yon distans, epi yo te konfese ke yo te etranje e egzile sou tè a.
Si vrèman, yo t ap panse ak peyi sa a ke yo te soti a yo t ap twouve chans pou retounen.
Men jan sa ye a, yo pito yon pi bon peyi, yon peyi selès. Konsa, Bondye pa t wont pou Li menm ta rele Bondye pa yo a, paske Li te prepare yon vil pou yo.