Ebre 10:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Otreman, èske yo pa t ap sispann ofri sakrifis sa yo, akoz de adoratè yo, lè yo te fin netwaye yon fwa, yo pa t ap vin sanse pechè ankò? 1998 Haïtienne Si moun ki fè sèvis sa yo pou Bondye te lave tout bon anba peche yo, yo pa ta santi yo koupab okenn peche ankò. Yo ta sispann fè ofrann bèt pou touye. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Si lalwa te ka mennen moun nan nivo pèfeksyon, sakrifis yo t ap gentan sispann byen lontan deja. Pèp la t ap gentan delivre anba tout peche yo, konsyans yo t ap gentan sispann fè yo santi yo koupab. |
Mwen menm, Mwen se Sila ki efase transgresyon ou yo, pou koz Mwen; e Mwen p ap sonje peche ou yo.
Mwen te efase transgresyon ou yo tankou yon nwaj byen pwès, ak peche ou yo tankou yon nwaj. Retounen kote Mwen, paske Mwen te rachte ou.”
Li va gen konpasyon pou nou ankò. Li va foule inikite nou yo anba pye L. Wi, Ou va jete tout peche yo nan fon lanmè.
Menmjan an pou ou menm tou, akoz san akò Mwen an ki avèk ou, Mwen te mete prizonye ou yo an libète soti nan twou fòs ki pa gen dlo a.
Paske sa jwenn favè, si yon nonm, pou koz a konsyans anvè Bondye, sipòte afliksyon ki enjis.