Ebre 1:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Nan dènye jou sa yo, Li pale ak nou pa Fis Li a, ke Li te chwazi kòm eritye de tout bagay, e pa sila a osi, ke Li te fè mond lan. 1998 Haïtienne Men, nan dènye jou sa yo, se pitit li a menm Bondye te voye pale ak nou nan non li. Se ak Pitit sa a Bondye te kreye tout bagay. Se li menm tou Bondye chwazi pou eritye tout bagay lè sa va fini nèt. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Men kounye a Bondye pale ak nou pa mwayen Pitit la nan dènye jou sa yo. Se pa mwayen Pitit la Bondye te kreye tout bagay. Anplis, Bondye bay Pitit la tout sa li genyen. |