Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Detewonòm 5:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

‘Nou pa pou pran non SENYÈ a an ven, paske SENYÈ a p ap kite sila a ki pran non li an ven an san pinisyon.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Piga nou janm nonmen non Senyè a, Bondye nou an, an jwèt osinon pou bay manti, paske mwen menm, Senyè a, Bondye nou an, mwen p'ap manke pini moun ki nonmen non m pou gremesi.

Gade chapit la



Detewonòm 5:11
9 Referans Kwoze  

Paske yo pale kont Ou ak mechanste, e lènmi Ou yo pran non Ou an ven.


“Ou pa pou pran non SENYÈ a an ven, paske SENYÈ a p ap kite sila a ki mal sèvi ak non Li an san pinisyon.”


Si ou va sèmante: ‘Kon SENYÈ a vivan an’, anverite, ak jistis, e nan ladwati; konsa, nasyon yo va beni tèt yo nan Li, e nan Li yo va gen glwa.”


Gen joure ak madichon, vyole konfyans, asasine moun, vòlè, fè adiltè. Yo aji ak vyolans jiskaske yo vèse san, e vèse san fè san vèse plis.


“‘Nou pa pou fè fo sèman nan non Mwen pou degrade non a Bondye nou an. Mwen se SENYÈ a.


“Nou va krent SENYÈ a, Bondye nou an. Nou va sèvi Li. Kole kote Li, e nou va sèmante pa non pa Li.


“Nou va krent sèlman SENYÈ a, Bondye nou an; nou va adore Li e sèmante pa non li.


Men, anplis de tout bagay, frè m yo pa sèmante ni pa syèl la, ni pa tè a, ni pa okenn lòt sèman. Men ke wi ou rete wi e non ou rete non, pou nou pa tonbe anba jijman.