Detewonòm 16:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Nou va kwit e manje li nan plas ke SENYÈ a, Bondye nou an, chwazi a. Nan maten, nou va retounen nan tant yo. 1998 Haïtienne N'a kwit vyann bèt nou te ofri a epi n'a manje l kote Senyè a te chwazi a. Apre sa, nan maten, n'a vire do nou, n'a tounen lakay nou. |
Konsa, yo te boukannen bèt Pak yo, sou dife selon règleman an, yo te bouyi bagay sen yo nan bonm, chodyè ak nan kaswòl e yo te pote yo avèk vitès a tout pèp òdinè yo.
Alò, Pak Jwif la te pwòch, epi anpil te kite andwa andeyò yo pou monte nan Jérusalem, pou yo ta kab vin pirifye.
Alò, lè L te nan Jérusalem, nan Pak Jwif la, pandan fèt la, anpil te kwè nan non Li, paske yo te wè sign ke Li t ap fè yo.
Men nou va chache kote SENYÈ a, Bondye nou an, chwazi sou tout trib nou yo, pou etabli non Li a tankou kote pou L ta rete, e la, nou va vini.
Nou va fè sakrifis Pak a SENYÈ a, Bondye nou an, soti nan bann mouton avèk twoupo a, kote SENYÈ a chwazi pou etabli non Li an.
men kote SENYÈ a, Bondye nou an, chwazi pou etabli non Li an, nou va fè sakrifis Pak la nan aswè, nan lè solèy kouche, nan menm lè jou ke nou te sòti an Égypte la.