Detewonòm 10:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Konsa, mwen te vire desann kite mòn nan. Mwen te mete tab yo nan lach ke mwen te fè a, epi se la yo ye, jan SENYÈ a te kòmande mwen an.” 1998 Haïtienne Mwen desann sòti nan mòn lan. Mwen mete wòch plat yo nan bwat mwen te fè a, jan Senyè a te ban mwen lòd la, epi se la yo rete depi lè sa a. |
“Ou va mete chèz pwopyatwa a sou lach la, e nan lach la ou va mete temwayaj ke Mwen va bay ou a.
Alò, Moïse te vire desann mòn nan avèk de tablèt temwayaj yo nan Men l; tablèt ki te ekri nan toude fas yo.
Li te la avèk SENYÈ a pandan karant jou ak karant nwit. Li pa t manje pen, ni bwè dlo. Konsa, li te ekri sou tablo yo avèk pawòl akò yo, dis kòmandman yo.
Lè Moïse t ap desann Mòn Sinaï a, avèk de tablo temwayaj yo nan men Moïse lè li t ap desann mòn nan, Moïse pa t konnen ke po figi li te briye akoz li t ap pale avèk Senyè a.
Konsa, li te pran temwayaj la pou fè l antre nan lach la. Li te tache poto yo nan lach la, e li te mete chèz pwopyatwa a sou lach la.
Mwen va ekri sou tab yo pawòl ki te nan premye tab ke ou te kraze yo, e ou va mete yo nan lach la.’
“Epi mwen te vire desann mòn nan pandan mòn nan t ap brile avèk dife a, ak de tab akò yo nan de men m yo.
Epi Josué te poze douz wòch yo nan mitan Jourdain an nan plas kote pye a prèt yo ki te pote lach akò a te kanpe. Yo la, jis jodi a.