Gade byen, Mwen va kanpe devan ou sou wòch Horeb la. Konsa, Moïse te fè sa devan zye a ansyen Israël yo.
Detewonòm 1:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen “SENYÈ a, Bondye nou an, te pale avèk nou isit la nan Horeb, e Li te di: ‘Nou gen tan rete la a nan mòn sa pou ase de tan. 1998 Haïtienne — Lè nou te sou mòn Orèb la, nou chonje Senyè a, Bondye nou an, te pale ak nou. Li te di nou: Kounyeya, nou rete kont nou sou mòn sa a. |
Gade byen, Mwen va kanpe devan ou sou wòch Horeb la. Konsa, Moïse te fè sa devan zye a ansyen Israël yo.
Alò, Moïse t ap swiv bann mouton Jétro a, bòpè li, prèt Madyan an. Li te mennen bann mouton an vè fas lwès nan dezè a, e li te vini Horeb, sou mòn Bondye a.
Sof ke se te pou de jou, oswa yon mwa, oswa 1 nan ke nwaj la te mize sou tabènak la, depi li rete anwo li, fis Israël yo te rete nan kan an. Yo pa t pati. Men lè li te vin leve, yo te pati.
Anfas Jourdain an, nan peyi Moab la, Moïse te kòmanse fè eksplikasyon sou lwa sa a. Li te di:
Paske se sa nou te mande SENYÈ a, Bondye nou an, nan mòn Horeb nan jou asanble a, e nou te di: ‘Annou pa tande ankò vwa a SENYÈ a, Bondye nou an, annou pa wè gran dife sa a ankò, oswa nou va mouri.’
Menm nan Horeb, nou te pwovoke SENYÈ a lakòlè. SENYÈ a te tèlman fache avèk nou ke Li te prèt pou detwi nou.