Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Detewonòm 1:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

lè li te fin bat Sihon, wa Amoreyen ki te rete Hesbon an, ak Og, wa Basan an, ki te rete Aschtaroth avèk Édréï.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Lè sa a, Senyè a te fin bat Siyon, wa peyi Amori a, ki te rete Esbon, ak Og, wa peyi Bazan an, ki te rete Astawòt nan zòn Edreyi.

Gade chapit la



Detewonòm 1:4
13 Referans Kwoze  

Nan katòzyèm ane a, Kedorlaomer ak wa ki te avè l yo, te vin bat Rephaïm nan Ashterothkarnaim, Zuzim lan nan Ham, avèk Émim nan Schavé-Kirjathaïm.


Anplis, Ou te bay yo wayòm yo avèk pèp yo, epi te divize bay yo tout selon pòsyon pa yo. Yo te pran posesyon a peyi Sihon, wa a Hesbon an ak peyi Og, wa Basan an.


Sihon, wa Amoreyen yo, Og, wa Basan ak tout wayòm a Canaan yo.


Anfas Jourdain an, nan peyi Moab la, Moïse te kòmanse fè eksplikasyon sou lwa sa a. Li te di:


“Konsa, Mwen te voye mesaje soti nan dezè a Kedémoth vè Sihon, wa Hesbon an avèk pawòl lapè. Mwen te di:


“Alò, nou te vire monte nan wout la vè Basan. Konsa, Og, wa a Basan an avèk tout pèp li a te sòti pou rankontre nou nan batay nan Édréï.


Nou te konplètman detwi yo, jis jan ke nou te fè a Sihon, wa Hesbon an, e nou te konplètman detwi gason, fanm ak pitit a chak vil yo.


Yo te pran posesyon a teren pa li an avèk teren Og la, wa Basan an, de wa Amoreyen ki te anfas Jourdain yo vè lès,