Epi yo te pran kèk nan fwi peyi a nan men yo pou te pote li bannou. Yo te mennen bannou yon rapò. Yo te di: ‘Se yon bon peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, prèt pou bannou an.’”
Konsa, Mwen te desann pou delivre yo anba pouvwa Ejipsyen yo, pou mennen yo monte kite peyi sa a pou rive nan yon bon peyi byen vast, yon peyi k ap koule lèt ak myèl, nan plas kote Kananeyen yo avèk Etyen yo, Amoreyen yo avèk Ferezyen yo, Evyen yo, ak Jebizyen yo.
Kijan tè a ye? Èske li rich, oswa pòv? Si gen pyebwa oswa si pa genyen? Epi fè yon efò pou pran kèk nan fwi peyi a.” Alò, se te tan ke premye rezen yo t ap vin mi.