Detewonòm 1:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen “Sa te fè m plezi. Mwen te pran douz mesye pami nou, yon mesye pou chak tribi. 1998 Haïtienne Mwen te wè sa nou di m lan se te bon koze. Se konsa mwen chwazi douz nèg, yonn nan chak branch fanmi. |
“Konsa, nou tout te vin kote m e te di: ‘Annou voye moun devan nou pou yo kapab fè ankèt peyi a pou nou, pou retounen bannou yon pawòl konsènan chemen nou ta dwe monte a ak vil ke nou va antre yo.’
Yo te vire pou te monte nan peyi mòn nan, e yo te rive nan vale Eschcol la pou espyone ladann.